Biyografi

Fadelène Augustin te fèt nan vil sen-mak jou ki te 1 jiyè 2001 an , li te fè etid primè li nan college evangelique de sion et le phare(cesip) avèk institution Georges Angus (Iga) . Aprè reyisit li nan egzamen cep , li te kontinye etid klasik li nan college saint-patrick de barbe (7ème rive nan NS4) .

An 2017 , Fadelène te eseye talan ekriven li ak Nathalie . Byenke li te yon elèv ki distan anpil , sa te Vin lakoz li pa t' twò sosyal e se youn nan rezon ki t'ap al fè l' sibi anpil discrimination nan lekòl li .

Malgre wo ak ba , li te toujou rezève tan l' pou l' depoze kèk mo sou yon fèy Kaye . Tanto slam , tanto sitasyon , tanto memo .

An 2020 , kriz total ke Covid-19 te blayi nan monn LAN ta pral sèvi l' boustè pou l' ekri 43ème tèks li ki titre " MWEN TE RENMEN W' " . Se yon istwa ki baze sou reyalite l' , makònen ak imajinasyon l' .
Atravè tèks sa a , li eksprime sa li viv , sa l' anvi viv e sa l'ap viv .

An 2021 , li ekri " JE SUIS TOMBÉE AMOUREUSE D'UN DÉLINQUANT " . Yon woman-fèyton ki pale de istwa yon jèn tifi 18 lane ki te rive dwoge papa l pou l te ka gen libète .

San konte anpil lòt tèks tankou : " MA FORCE ET MA FIERTÉ "
- " EXCESS LOVE "
- " SOUS L'EMPRISE D'UN CHARME "
- " ÈSKE M TE KONSYAN "
  • JoinedJanuary 28, 2021



Story by FADELÈNE AUGUSTIN
Le murmure bleu by ScenaristeFadou01
Le murmure bleu
Auteur:九鹭非香 Elle était le maître démon le plus puissant de la vallée du démon , mais son cœur était enchanté...