AGRANMAY I.
By TRISTVN_MILLIEN
190
7
3
  • Action
  • action
  • bandit
  • crime
  • enquête
  • feuilleton
  • hayti
  • livre
  • mental
  • nouvelles
  • police

Description

Makaya, yon òganizasyon ki la pou rezoud de seri de pwoblèm enpòtan nan peyi a mete Elifèt Mezidò dirije inite ki reskonsab rezoud krim yo. Ajan Mezidò li menm deside kolabore avèk Sesilya Makandal, yon sosyo-sikològ ki vin pase yon ti tan nan peyi a. Sesilya Makandal gen anpil konesans sou sa ki gen rapò avèk mantal oswa konpòtman. Annatandan li reprann etid li - li gen pou l kòmanse pwogram doktora nan sosyoloji a - manmzèl deside ede zanmi danfans li ki se Elifèt. Avèk tout talan sa yo ansanm, sa vin pèmèt Sesilya gen yon pouvwa manipilasyon ki trè efikas pou rezoud ankèt inite an. Pandan li ap ede Makaya rezoud ankèt kriminèl yo, Sesilya pa sispann ranmase enfòmasyon sou yon nonm ki rele « Madichon », yon sikopat ki amize l touye tout moun li konnen ki omoseksyèl - fanm kou gason - epi koupe sèks yo ale avèk yo. Endividi sa se li menm ki te asasine manman ansanm avèk yon sè Sesilya, jis paske nan epòk sa misye te okouran de relasyon sè a te genyen avèk yon tidam. Li deside touye manman an li menm pou sitirèz. Donk Sesilya ki te toujou gen lide vanjans tou jwenn nan Makaya yon mwayen pou l jwenn idantite sikopat sa ki rele Madichon an pou l ka ba l yon leson.

I.

Continue Reading on Wattpad
AGRANMAY...
by TRISTVN_MILLIEN
190
7
3
Wattpad